Byenvini nan pòtay lang Kreyòl Ayisyen modès nou an! Se pa gwo koze non, men nou espere l ap itil otank posib moun ki pale Kreyòl Ayisyen k ap viv epi k ap travay nan Vil Pittsburgh yo. Piske PghCHR gen responsablite pou l ede sila yo ki sibi diskriminasyon nan lojman, travay, sèvis minisipal, ak espas piblik yo akoz ras yo, koulè po yo, zansèt yo, orijin nasyonal yo, oswa preferans lengwistik yo, nou konnen li enpòtan anpil pou nou ba w enfòmasyon yo nan lang ou pale a pou n asire nou pwoteje dwa w yo. Nou pa vle pou genyen baryè lang ant ou menm ak tout moun ki enplike yo.
Pou w mande yon entèprèt, dokiman ki tradui, oswa amenajman ki gen rapò ak andikap, kwayans relijye, oswa yon lòt bagay, epi pou w kontakte Komisyon Pittsburgh sou Relasyon Moun (Pittsburgh Commission on Human Relations, PghCHR) ak sèvis li yo, tanpri rele nou nan 412-255-2600 oswa voye yon imèl ba nou nan human.relations@pittsburghpa.gov.
Konnen dwa sivil ou nan Pittsburgh(PDF, 3MB) (Know Your Rights)